Men papa li te refize. Li te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen. Li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.”
Nonb 1:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kantite mesye ki te konte nan tribi Éphraïm nan te karann-sèt-mil-senk-san (47,500). 1998 Haïtienne yo jwenn karantmil senksan (40.500) gason. |
Men papa li te refize. Li te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen. Li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.”
“Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m. Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke Ruben avèk Siméon va pou mwen.
Pou fis Joseph sa vle di Éphraïm, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Pou fis Manassé yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Sila yo se fanmi a fis a Ephraïm yo selon sila ki konte nan yo, se te trann-de-mil-senk-san (32,500). Sila yo se fis a Joseph yo selon fanmi pa yo.
Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li. Kòn li yo se kòn a bèf mawon. Avèk yo, li va bourade pèp yo, jis a sila a ki nan pwent latè yo. Sila yo se di-mil a Ephraïm yo. Yo se milye yo a Manassé.”