Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 48:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men papa li te refize. Li te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen. Li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Men, papa a derefize. Li di l: — Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tou ap vin yon pèp. Li menm tou l'ap grannèg. Men, ti frè l la pral pi grannèg pase l. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 48:19
17 Referans Kwoze  

Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li. Kòn li yo se kòn a bèf mawon. Avèk yo, li va bourade pèp yo, jis a sila a ki nan pwent latè yo. Sila yo se di-mil a Ephraïm yo. Yo se milye yo a Manassé.”


Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.


nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil, nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.


nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil, nan tribi Manassé a, douz-mil,


“‘“Perse, Lud, ak Puth te nan lame ou, mesye lagè ou yo. Yo te pann boukliye ak kas nan ou. Yo te fè grandè ou parèt byen bèl.


SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.


SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil, e gade byen, jodi a nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.


Men Israël te lonje men dwat li, li te mete li sou Éphraïm, ki te pi jenn nan, e men goch li te sou tèt Manassé, avèk men l kwaze, poutan Manassé te premye ne.


“Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon gran kantite nasyon.


Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.


Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va fè nou vin yon gran nasyon la.


Joseph te di papa l: “Se pa sa, papa, paske se sila a ki premye ne a. Mete men dwat ou sou tèt li.”


SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite