Alò, mwen te estasyone moun nan pati piba nan espas dèyè miray la, kote ki te manke pwotèj e mwen te estasyone moun pami fanmi yo avèk nepe pa yo, lans ak banza yo.
Neyemi 6:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, mwen te voye mesaje yo kote yo. Mwen te di: “Mwen ap fè yon gwo travay, e mwen p ap kab desann. Poukisa travay la ta dwe rete pandan mwen kite li pou vin kote nou?” 1998 Haïtienne Se konsa mwen voye mesaje bò kote yo avèk repons sa a: — M okipe ak yon travay enpòtan, m pa ka desann. Si m kite travay la pou m ale kote nou, li pral sispann. |
Alò, mwen te estasyone moun nan pati piba nan espas dèyè miray la, kote ki te manke pwotèj e mwen te estasyone moun pami fanmi yo avèk nepe pa yo, lans ak banza yo.
Sanballat avèk Guéschem te voye kote mwen epi te di: “Vini, annou reyini ansanm nan Chephirim nan plèn Ono.” Men se mal ke yo te gen entansyon pou fè m.
Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.