Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 9:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Toutotan fè klè toujou, se pou m fè travay moun ki voye m lan ban m fè a. Talè konsa pral fè nwit, pèsonn p'ap ka travay.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò.

Gade chapit la Kopi




Jan 9:4
18 Referans Kwoze  

Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.


“Yo te reponn li: ‘Paske pèsòn pa anplwaye nou.’ “Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an.’


Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”


Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”


“Si Mwen pa fè zèv a Papa M, pa kwè M.


Akoz sa, Jésus te di yo: “Pou yon ti tan anplis, limyè a pami nou. Mache pandan nou gen limyè a, pou tenèb la pa gen tan pran nou. Sila ki mache nan tenèb la pa konnen kote l ap prale.


Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.


Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.


Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an.


“Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske zèv ke Papa a te ban M pou acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M.


Pou sa, Jésus te di: “Pou yon ti tan anplis, Mwen avèk nou. Apre, M ap prale a Li menm ki te voye M nan.


Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”


Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.


Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move.


Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite