Nawoum 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske ou pi bon pase Nò Amon ki te pozisyone pami rivyè yo, ki te antoure ak dlo, ki te gen lanmè kon pwotèj li, e se lanmè ki te sèvi kon miray li? 1998 Haïtienne Ou menm lavil Niniv, ou pa pi bon pase lavil Tèb. Atout li chita nan mitan gwo larivyè Nil la, ak dlo toupatou tankou yon ranpa, tankou yon glasi pou pwoteje l, |
Nasyon yo te tande de bagay wont ou an, e tè a plen ak kri detrès ou; paske yon gran gèrye tonbe sou gran gèye, e toulède tonbe atè ansanm.
Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap renye sou lòt nasyon yo.
Ale janbe kote Calné pou gade. Soti la rive Hamath Gran an, pou desann kote Gath de Filisten yo. Èske yo pi bon ke wayòm sila yo? Èske teritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?