Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nawoum 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Konsa, li va vin rive ke tout moun ki wè ou, yo va fè bak, e yo va di: “Men Ninive fin devaste nèt! Se kilès k ap fè dèy pou li? Se kibò pou m ta jwenn moun ki pou rekonfòte ou?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Tout moun ki va wè ou va kouri byen lwen ou. Y'a di: Lavil Niniv fini! Ki moun ki va gen pitye pou li? Pa gen pèsonn ka vle vin kenbe rèl la avè l.

Gade chapit la Kopi




Nawoum 3:7
12 Referans Kwoze  

“Anverite, se kilès k ap gen pitye pou ou, O Jérusalem? Oswa kilès k ap fè gwo kri pou ou? Oswa k ap vire sou kote pou mande si ou byen?


Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou— se kilès ki va kriye pou ou?— devastasyon ak destriksyon, gwo grangou, ak nepe. Kijan pou m ta konsole ou?


Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’


Kisa pou m ta di ou? A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan? A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen ap mennen rekonfò bay ou a, O fi vyèj a Sion an? Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè. Se kilès ki ka geri ou?


“Nou te pito gerizon pou Babylone, men li pa t geri. Abandone l. Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou; paske jijman li an fin rive nan syèl la, e leve wo rive jis nan syèl yo.


Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”


Pwofesi pou Ninive. Liv vizyon a Nahum nan, Elkochit la.


Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va pini wa Babylone nan ak peyi li a, menm jan ke M te pini wa Assyrie a.


Li va lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite