Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”
Nawoum 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan ou, te sòti yon moun ki te fè move konplo kont SENYÈ a, yon konseye mechan. 1998 Haïtienne Lavil Niniv! Men yon nonm soti andan pwòp lakay ou. Tèt li bade ak move lide. L'ap fè konplo sou Senyè a. |
Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”
Ni pa kite Ézéchias mennen nou pou mete konfyans nan SENYÈ a, pou l di: “SENYÈ a va anverite delivre nou, e vil sa a p ap livre nan men a gran wa a Assyrie a.”
Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.
Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki bay move konsèy nan vil sa a,
Malè a sila k ap fè plan inikite yo, k ap manevre mechanste sou kabann yo! Lè maten rive, yo pratike li, paske sa nan pouvwa a men yo.
Nenpòt panse nou konn fè kont SENYÈ a, li va mete fen a sa nèt. Gwo twoub sa a p ap parèt de fwa.