Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nawoum 1:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Nenpòt panse nou konn fè kont SENYÈ a, li va mete fen a sa nèt. Gwo twoub sa a p ap parèt de fwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Kisa n'ap konplote konsa sou do Senyè a? L'ap detwi nou tout. Nou p'ap ka kenbe tèt avè l yon lòt fwa ankò.

Gade chapit la Kopi




Nawoum 1:9
17 Referans Kwoze  

SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo. Li anile pwojè a pèp yo.


Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, e te fòme yon konplo, yo p ap reyisi.


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la.


Nan ou, te sòti yon moun ki te fè move konplo kont SENYÈ a, yon konseye mechan.


Alò, Abischaï te di a David: “Jodi a, Bondye gen tan livre lènmi ou an nan men ou. Pou sa, koulye a, kite mwen frape li avèk frenn nan rive jis atè ak yon sèl kou e mwen p ap frape li yon dezyèm fwa.”


Nan jou sa a, Mwen va pote kont Éli tout sa ke M te pale selon lakay li, soti nan kòmansman, jiska lafen.


Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.


Alò, konsa, pa aji tankou mokè yo, pou chenn ki mare nou yo pa vin pi rèd. Paske mwen te tande soti nan Senyè BONDYE dèzame yo, desizyon deja fèt pou detwi tout latè a.


Ou va di: ‘Se konsa Babylone va fonse desann pou l pa leve ankò, akoz malè ke Mwen va mennen sou li; epi yo va vin bouke nèt.’” Jiska prezan, sa se pawòl a Jérémie yo.


“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Yon gwo dezas! Yon dezas san parèy! Gade byen, l ap vini.


Konsa, tout chè va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te rale nepe Mwen sòti nan fouwo. Li p ap remete nan fouwo ankò.”’


Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò, malgre sa, yo fè konplo pou mal kont Mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite