Miche 7:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nasyon yo va wè, e yo va wont de tout pwisans yo. Yo va mete men yo sou bouch yo; zòrèy yo va vin soud. 1998 Haïtienne Moun lòt nasyon yo va wè sa, y'a wont malgre tout fòs yo genyen. Y'a mete men nan bouch. Y'a sezi, |
Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. Konsa, yo te di pami nasyon yo: “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”
“Si ou te fè foli nan leve tèt ou byen wo, oswa si ou te fè konplo pou mal, mete men ou sou bouch ou.
O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.
Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon. Wa yo va pe bouch yo pou koz Li; paske sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l, e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.
“Paske Mwen konnen zèv yo ak panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen.
Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
Vwayan yo va wont e divinò yo va nan konfizyon. Anverite, yo tout va kouvri bouch yo akoz Bondye pa reponn.
Retay Jacob la va pami nasyon yo, pami anpil pèp; Tankou yon lyon pami bèt forè, tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; li menm, si l pase, mache, dechire an mòso e p ap gen pèsòn ki pou delivre.
Mwen va boulvèse twòn a wayòm yo, e detwi pouvwa wayòm a nasyon yo. Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo. Cheval yo ak chevalye yo va tonbe, yo tout pa nepe a frè yo.’
Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.
“Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”