Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò e pou richès yo, nanpwen fen. Peyi yo osi vin plen ak cheval yo, e ak cha lagè yo, nanpwen fen.
Miche 5:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a, “ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou e Mwen va detwi cha lagè nou yo. 1998 Haïtienne Senyè a di ankò: Jou sa a, m'ap touye tout chwal batay nou yo. M'a detwi tout cha nou yo. |
Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò e pou richès yo, nanpwen fen. Peyi yo osi vin plen ak cheval yo, e ak cha lagè yo, nanpwen fen.
Anverite, soutyèn kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël.
Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”
Assyrie p ap sove nou. Nou p ap monte sou cheval; ni nou p ap di ankò a zèv men nou yo: “Ou se dye nou.” Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”
Mwen va boulvèse twòn a wayòm yo, e detwi pouvwa wayòm a nasyon yo. Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo. Cheval yo ak chevalye yo va tonbe, yo tout pa nepe a frè yo.’
Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.
Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’