Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Miche 2:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Anverite, Mwen va rasanble nou tout, O Jacob! Anverite, Mwen va ranmase retay Israël yo. Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak; tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo. Y ap plenn ak moun.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men, m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.

Gade chapit la



Miche 2:12
28 Referans Kwoze  

Béla te mouri e Jbab, fis Zérach, a Botsra te renye nan plas li.


Béla te mouri; epi Jobab, fis a Zérach ki sòti Botsra a, te renye nan plas li.


Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.


Nan jou sa a, SENYÈ a va kòmanse bat gwo rekòlt Li depi nan flèv Rivyè Euphrate la jis rive nan dlo Égypte la, e nou va vin ranmase youn pa youn, O fis Israël yo.


Nepe SENYÈ a plen ak san. Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton, ak bouk yo, ak grès a ren belye. Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan Botsra, ak yon gwo masak nan peyi Édom.


Konsa, jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo.


“Epi konsa, Mwen va rasanble retay bann mouton Mwen an soti nan tout peyi ke m te pouse yo ale yo, e mennen yo retounen nan pa yo. Yo va vin bay fwi e peple anpil.


Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”


“‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va chache mouton Mwen yo pou kont Mwen, e Mwen va chache jwenn yo.


Mwen va mennen yo sòti pami pèp yo, rasanble yo soti nan peyi yo, e mennen yo nan pwòp peyi yo. Konsa, Mwen va bay yo manje sou mòn Israël yo, akote sous dlo yo ak tout kote ki abite nan peyi a.


pou sa, Mwen va delivre bann mouton Mwen an e yo p ap viktim ankò. Epi Mwen va jije antre yon mouton ak yon lòt.


Pou nou menm, mouton Mwen yo, mouton a patiraj pa Mwen yo, nou se lòm e Mwen se Bondye nou,’ deklare Senyè BONDYE a.”


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Konsa anplis, men sa lakay Israël va mande M fè pou yo: Mwen va fè pèp pa yo a vin anpil tankou bann mouton.


Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo.


Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peye a, paske jou a Jizreel la va vreman gran.


Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman, e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”


Sila k ap ouvri kraze chemen a va ale devan yo. Yo kraze pòtay la pou soti. Se wa yo ki pase devan yo, ak SENYÈ la a latèt yo.


A nou menm, wo tou bann mouton an, mòn fi Sion an, sou ou menm, li va retounen. Wi, menm ansyen pouvwa a, wayòm nan de fi Jérusalem nan.


Epi konsa, retay Jacob la va nan mitan anpil nasyon pèp yo, tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a, tankou lapli k ap farinen sou zèb, ki p ap tann lòm, ni fè reta pou fis a lòm yo.


Retay Jacob la va pami nasyon yo, pami anpil pèp; Tankou yon lyon pami bèt forè, tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; li menm, si l pase, mache, dechire an mòso e p ap gen pèsòn ki pou delivre.


Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a, bann mouton a eritaj Ou a, ki rete pou kont yo, nan forè. Kite yo manje nan mitan bon pa, nan Basan ak Galaad, tankou nan ansyen tan an.


Se kilès ki yon Bondye tankou Ou, ki padone inikite, e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li? Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an, akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.


Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.