Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Miche 4:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 A nou menm, wo tou bann mouton an, mòn fi Sion an, sou ou menm, li va retounen. Wi, menm ansyen pouvwa a, wayòm nan de fi Jérusalem nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Ou menm, lavil Jerizalèm kote Bondye rete pou l veye bann mouton l yo, ou menm, ti mòn Ofèl kote moun Siyon yo rete a, ou gen pou tounen kapital peyi a ankò kote wa moun Jerizalèm yo ye a, jan sa te ye nan tan lontan an.

Gade chapit la Kopi




Miche 4:8
23 Referans Kwoze  

Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen tou Migdal-Éder a.


Sepandan, David te kaptire fòterès Sion an, sa vle di, “vil David la”.


Palal, fis a Uzaï a te fè reparasyon yo devan ang lan avèk fò ki te parèt soti anwo kote lakay wa a, ki akote lakou gad la. Apre li, Pedaja, fis a Pareosch la, te fè reparasyon yo.


Leve wo lento ou yo, o pòtay yo! Leve wo, o pòt ansyen yo! Pou Wa glwa la kapab antre!


Bondye te parèt nan sitadèl li yo. La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon refij.


Paske Ou te yon refij pou mwen, yon fò ki wo, yon gran fòs kont lènmi yo.


Kou ou tankou fò David la, bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo, tout boukliye won a mesye pwisan yo.


Mwen va restore jij nou yo tankou nan kòmansman an ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a. Apre sa, yo va rele nou vil ladwati, yon vil ki fidèl.


Men jodi a, li va rete Nob. Li souke ponyèt li vè mòn fi a Sion an, kolin a Jérusalem nan.


Li te fouye toupatou li, retire wòch li yo, e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a. Li te bati yon fò nan mitan l, e te fouye yon basen diven ladann. Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo, men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.


“Nan jou a wa sila yo, Bondye syèl yo va etabli yon wayòm ki p ap janm detwi, e wayòm sa a p ap lese pou yon lòt pèp. Li va kraze e mete fen a tout wayòm sila yo, men li va, li menm dire pou tout tan.


Men sen yo a Sila Ki Pi Wo a, va resevwa wayòm nan, e va posede wayòm nan jis pou tout tan, pou tout laj ki gen pou vini yo.’


Liberatè yo va monte Mòn Sion pou jije mòn Ésaü a e wayòm nan va vin pou a SENYÈ a.


Anverite, Mwen va rasanble nou tout, O Jacob! Anverite, Mwen va ranmase retay Israël yo. Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak; tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo. Y ap plenn ak moun.


Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.


Retounen nan sitadèl la, O prizonye ki gen lespwa a! Nan jou sa a menm, Mwen deklare ke Mwen va remèt ou doub de sa.


Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.


Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa, li va detwi retay lavil la.”


“Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.


Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi.


pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an.


Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite