Alò, sa yo se achiv jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.
Matye 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Abraham te papa Isaac. Isaac te fè Jacob. Jacob te papa Juda ak lòt frè l yo. 1998 Haïtienne Abraram te papa Izarak. Izarak te papa Jakòb. Jakòb te papa Jida ak lòt frè l yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Abraram se te papa Izaak. Izaak se te papa Jakòb. Jakòb se te papa Jida ak lòt frè l yo. |
Alò, sa yo se achiv jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.
Apre, frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an, Jacob ke M te chwazi a, desandan Abraham nan, zami Mwen an;
Gade vè Abraham, papa nou an ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”
Pou fis Juda yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Juda te papa Pharès avèk Zara pa Thamar, Pharès te papa Esrom, epi Esrom te papa a Ram.
Li te bay li akò sikonsizyon an, epi Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.
Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la.
Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo.
Nan tribi Juda a, douz-mil te sele, nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,