Mak 9:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran. 1998 Haïtienne Pesonn pa louvri bouch yo reponn. Paske, sou wout la, yo t'ap fè diskisyon pou konnen kilès nan yo ki gen plis enpòtans. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Disip yo pa reponn paske sou wout la yo t ap diskite pou konnen kilès nan yo ki pi gran? |
“Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”
Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.
Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.
Mwen te ekri yon bagay a legliz la, men Diotrèphe ki renmen premye pami tout, pa aksepte sa nou te pale.