Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 9:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 Lè sa a, Jezi chita, li rele douz disip li yo epi li di yo: — Si yon moun vle premye plas, fòk li mete li pi ba pase tout moun, fòk li fè li sèvitè tout moun.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

35 Jezi chita, li rele douz disip yo epi li di yo: “Nenpòt moun ki vle premye se dènye pou li ye, epi li dwe sèvi tout moun.”

Gade chapit la Kopi




Mak 9:35
10 Referans Kwoze  

Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.


Men ou menm, èske w ap chache gwo bagay pou ou menm? Pa chache, paske gade byen, Mwen va mennen dezas sou tout chè,’ deklare SENYÈ a: “Men Mwen va kite ou chape ak lavi ou a, nenpòt kote ou ale.”


“Men pi gran pami nou an va vin sèvitè nou.


Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo:


“Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”


Men se pa konsa pou nou menm, men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a.


Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite