Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 9:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men Jezi pran men l, li fè l leve. Lamenm, ti gason an kanpe.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Men Jezi pran men jèn gason an pou l ede l kanpe. Epi li kanpe.

Gade chapit la



Mak 9:27
11 Referans Kwoze  

Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, ki soutni men dwat Ou, ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.


Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve.


Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.


Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”.


Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”


An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”


Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”


Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”


Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?”


Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.


Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.