Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 8:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Anplis yo te genyen kèk ti pwason. Lè L fin beni yo, Li te kòmande sa yo anplis pou separe bay.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Te gen kèk pwason la tou. Jezi rann Bondye gras pou yo, epi li mande disip yo mache distribye bay tout moun.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Disip yo te gen kèk ti pwason tou. Jezi di Bondye mèsi pou ti pwason yo epi li mande disip yo pou yo separe yo bay moun yo tou.

Gade chapit la



Mak 8:7
6 Referans Kwoze  

Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la.


Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la.


“Poukisa n ap gade pousyè ki nan zye a frè nou an, men pa okipe bout bwa ki nan zye pa nou an?


Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, èske nou pa gen kèk grenn pwason?” Yo te reponn Li: “Non”.