“Gade byen, Mwen ap voye bannou Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a.
Mak 8:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te di Li: “Jean Baptiste, e kèk lòt Élie, men lòt, youn nan pwofèt yo”. 1998 Haïtienne Yo reponn li: — Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan pwofèt yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yo reponn li: “Kèk moun di ou se Janbatis, yon lòt gwoup di ou se Eli. Gen lòt menm ankò ki di tou ou se youn nan pwofèt yo.” |
“Gade byen, Mwen ap voye bannou Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a.
Konsa, Li te di a sèvitè pa li yo: “Se Jean Baptiste sa a ye. Li gen tan leve soti vivan nan lanmò. Se pou sa li kapab fè tout mirak sa yo.”
Yo te di: “Kèk moun di ke se Jean Baptiste, lòt Elie, e lòt, Jérémie oswa youn nan pwofèt yo.”
Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie? Li te di: “Non mwen pa Li.” “Èske ou menm se Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”