Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 8:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Li mande yo ankò: — Bon, nou menm menm, kilès moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: — Ou se Kris la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Lè sa a, Jezi di yo: “E nou menm, kilès nou di mwen ye?” Pyè reponn li: “Ou se Kris la.”

Gade chapit la Kopi




Mak 8:29
13 Referans Kwoze  

Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.


Li te mande yo: “Men kilès nou menm, nou di ke Mwen ye”? Pierre te reponn. Li te di: “Kris la a Bondye a.”


Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”


Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se Sovè a mond lan.”


Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibo nou ta ale? Ou gen pawòl lavi etènèl yo.


Nou te kwè, epi te vin konnen ke Ou se Li Menm ki Kris la, Fis a Bondye vivan an.”


Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.”


Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus nan sinagòg yo e t ap di: “Li se Fis Bondye a”.


Alò, valè presye sila a, se pou nou menm ki kwè, men pou sila ki pa kwè yo: “Wòch ke bòs mason yo te rejte a, sa te devni vrè wòch ang lan.”


Nenpòt ki konfese ke Jésus se Fis Bondye a, Bondye rete nan li, epi li nan Bondye.


Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite