Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal.
Mak 7:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.” 1998 Haïtienne Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa sòti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Tout move bagay sa yo se anndan yo sòti, epi se yo ki sal moun.” |
Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal.
Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l,
zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli.
Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Lè Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.
Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.
Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye.
Malgre sa, moun sa yo fè menm bagay la. Ak rèv ke yo fè, yo defile lachè a, rejete otorite a, epi meprize zanj majestik yo.