Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Tit 1:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Pou yon moun k'ap fè volonte Bondye, tout bagay bon. Men, anyen pa bon pou moun k'ap fè sa ki mal, pou moun ki pa gen konfyans nan Bondye, paske lespri yo ak konsyans yo fin pran nan sa ki mal.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Tout bagay pwòp pou moun ki gen lespri yo pwòp. Men, anyen pa pwòp pou moun ki refize kwè. Okontrè, entelijans yo ansanm ak konsyans vin sal.

Gade chapit la Kopi




Tit 1:15
21 Referans Kwoze  

Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy; lanp a mechan yo se peche.


Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li; sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.


Anplis, Aggée te mande: “Si yon moun ki pa pwòp akoz yon kadav, ta touche nenpòt bagay nan sa yo, èske moun sa va pa pwòp?” Prèt yo te reponn: “Yo va vin pa pwòp.”


Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.


Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”


Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la.


Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun.


Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.


Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye.


Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon.


Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.


Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye.


diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.


annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.


Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.


konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite