“Gade byen, Mwen ap voye bannou Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a.
Mak 6:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men lòt t ap di: “Li menm se Élie”. Lòt t ap di: “Li se yon pwofèt, kon youn nan ansyen pwofèt yo”. 1998 Haïtienne Gen lòt ki t'ap di tou: — Se Eli. Epi gen lòt ankò ki t'ap di: — Se yon pwofèt tankou ansyen pwofèt yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Gen lòt moun ki t ap di: “Se Eli.” Lòt moun toujou t ap di: “Li se yon pwofèt tankou youn nan pwofèt lontan yo.” |
“Gade byen, Mwen ap voye bannou Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a.
Yo te di: “Kèk moun di ke se Jean Baptiste, lòt Elie, e lòt, Jérémie oswa youn nan pwofèt yo.”
Men lè Hérode te tande sa, Li t ap di: “Jean, tèt de sila ke m te fin koupe a, gen tan resisite!”
Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”
Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!
Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”
Yo te reponn Li, e te di: “Jean-Baptiste, oswa Eli; men lòt yo, youn nan ansyen pwofèt yo ki leve ankò.”
Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie? Li te di: “Non mwen pa Li.” “Èske ou menm se Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”
E yo te mande l, e te di l: “Ebyen poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”
E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”
Ankò, yo te di a moun avèg la: “Kisa ou di pou Li, konsi se Li menm ki ouvri zye ou yo?” Li te di: “Li se yon pwofèt.”