Mak 5:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite. 1998 Haïtienne Fanm lan menm ki te konnen sa k te rive l t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l nan pye Jezi. Li di l tout verite a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè. |
Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye e mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.
Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”
Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.
Men Marie te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye.
Lè fanm nan te wè ke li t ap dekouvri, li te vini byen tranble, e te tonbe devan Li. Li te deklare nan prezans a tout moun poukisa li te touche L la ak jan li te vin geri nan menm enstan.