Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 5:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè Jésus te fin pase lòtbò ankò nan kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te bò kote lanmè a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann sòti nan kannòt la, yon foul moun gentan sanble bò kote li. Antan li sou rivay la,

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la.

Gade chapit la



Mak 5:21
5 Referans Kwoze  

Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan pwòp vil Li a.


Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a. Yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita. Tout foul la te kanpe atè bò lanmè a.


Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.


Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li.


Lè Jésus te retounen, foul la te resevwa L byen, paske yo tout t ap tann Li.