Mak 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”. 1998 Haïtienne Apre sa, Jezi di yo konsa: — Si nou gen zòrèy pou n tande, tande. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Epi Jezi di “nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande, tande.” |
Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.
“Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”
“Pou sa, okipe nou de jan nou tande. Paske nenpòt moun ki genyen, se plis k ap bay a li menm; e a sila ki pa genyen an, menm sa li sipoze li genyen an va rache soti nan men li.”
“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa dezyèm lanmò a.
“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.