Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 4:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Ak anpil parabòl konsa, Li te pale pawòl la avèk yo nan limit yo ta kapab tande l pou konprann.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se avèk anpil parabòl konsa li t'ap ba yo mesay li a. Li te fè l yon jan pou yo tout te ka konprann li.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Se avèk anpil istwa kon sa Jezi t ap sèvi pou fè moun reflechi. Li anseye yo yon fason pou yo te kapab konprann.

Gade chapit la



Mak 4:33
7 Referans Kwoze  

Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn.


Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch, pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”


Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.


“Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a.