Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 3:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Menm lè a, farizyen yo soti kite sinagòg la. Y'al fè konplo ak moun Ewòd yo pou wè kijan yo ka rive touye Jezi.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.

Gade chapit la



Mak 3:6
10 Referans Kwoze  

Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.


Yo te voye disip pa yo ansanm avèk Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn.


Yo te voye kèk nan Farizyen yo ak Ewodyen yo kote Li, pou yo ta kapab pran l nan pèlen avèk pwòp pawòl Li.


Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”


Konsa, Chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan yo ta kapab mete L a lanmò; paske yo te pè pèp la.


Men yo menm te anraje. Yo te diskite ansanm sou sa yo ta kapab fè a Jésus.


Depi jou sa, yo t ap fè plan pou touye L.


ki pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di: ‘Poukisa nasyon yo anraje konsa; e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?