Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 3:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Menm lè a, farizyen yo soti kite sinagòg la. Y'al fè konplo ak moun Ewòd yo pou wè kijan yo ka rive touye Jezi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.

Gade chapit la Kopi




Mak 3:6
10 Referans Kwoze  

Apre sa, Farizyen yo leve y ale, epi yo t ap fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.


Farizyen yo voye bò kote Jezi kèk disip pa yo ansanm ak kèk patizan wa Ewòd. Yo di li: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a, se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans.


Apre sa, lidè Jwif yo voye kèk Farizyen ak Ewodyen bò kote Jezi pou eseye rache kèk pawòl nan bouch li pou yo ka akize l.


Jezi avèti yo: “Pran prekosyon ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.”


Chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te vle touye Jezi. Yo pa t sispann chache yon okazyon pou fè san sekrè, paske yo te pè reyaksyon foul la.


Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.


Depi jou sa a, yo te fè konplo pou touye Jezi.


Sèvitè w David, zansèt nou, te di pawòl sa yo anba pouvwa Sentespri a: Poukisa moun lòt nasyon yo ap bat kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè bann plan ki pa vo anyen sa yo?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite