Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 16:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Medam yo sòti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fèy bwa, yo te pè anpil. Yo pa di pèsonn anyen tèlman yo te pè. [

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Medam yo fè yon sèl voltije sòti nan kavo a, yo t ap tranble tèlman yo te sezi. Yo pa di pèsonn moun anyen, paske yo te pè.

Gade chapit la



Mak 16:8
10 Referans Kwoze  

Alò, li te di a Guéhazi: “Mare senti ou, pran baton mwen nan men ou pou al fè wout ou. Si ou rankontre nenpòt moun, pa salye li, e si nenpòt moun salye ou, pa reponn li. Al mete baton mwen an kouche sou figi gason an.”


Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.


Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a.


Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”


Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo.


Pa pote bous, ni sak, ni soulye. Pa menm salye pèsonn nan wout la.


Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.