Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm, va fè m viv. Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.
Mak 16:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la. 1998 Haïtienne Men jennonm lan di yo: — Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, nonm Nazarèt, yo te kloure sou kwa a? Enben, li pa isit la ankò. Li resisite. Gade! Men kote yo te mete li a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men, jèn gason di yo: “Nou pa bezwen pè. N ap chache Jezi, moun Nazarèt la yo te klouwe sou kwa a. Li resisite. Li pa isit la. Vin wè kote kadav la te yo te mete l la.” |
Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm, va fè m viv. Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.
Menm jan ke Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase twa jou ak twa nwit nan kè latè.
pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”
Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”
Epi y ap moke L, krache sou Li, bay Li gwo kout fwèt, e touye L. Twa jou pita, L ap resisite.”
Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a.
Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.
kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante.