Alò, wa a te leve avan solèy la, lè bajou fenk kase, e li te fè vit ale nan fòs lyon an.
Mak 16:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve. 1998 Haïtienne Nan dimanch maten byen bonè, solèy te fenk ap leve, medam yo ale nan kavo a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Byen bonè, nan dimanch maten sa a, apèn solèy la t ap leve, medam yo vini nan kavo. |
Alò, wa a te leve avan solèy la, lè bajou fenk kase, e li te fè vit ale nan fòs lyon an.
Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.
Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li.
E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”
Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo.
Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan.