Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.
Mak 15:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Foul la te pwoche Pilate, e te kòmanse mande l fè sa ke li te gen abitid fè pou yo a. 1998 Haïtienne Foul moun yo moute lakay Pilat. Yo pran mande Pilat pou l lage yon prizonye ba yo jan li te toujou fè a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Foul la vin kote Pilat epi yo mande l pou l lage yon prizonye jan l te konn abitye fè sa. |
Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.
Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo.
Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.
Epi te gen yon mesye yo rele Barabbas, ki te vin pran prizon, ansanm avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Mesye sa yo, te responsab touye moun.