Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 15:46 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Joseph te pote yon twal lèn, te desann Li, e te vlope L nan twal lèn an. Li te mete L nan tonm ki te fouye nan wòch la, e li te woule yon gwo wòch kont antre a tonm nan.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l nan dra a, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Se kon sa Jozèf achte twal len, li desann Jezi sou kwa a, li vlope kò a nan twal len yo epi li mete Jezi nan yon kavo yo te taye nan wòch. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a.

Gade chapit la



Mak 15:46
12 Referans Kwoze  

‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?”


Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo, men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li, malgre Li pa t fè okenn vyolans, ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.


Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li.


Konsa, lè l vin konprann sa selon santenye Women an, li te bay kò a a Joseph.


Marie Magdala, avèk Marie, manman Joses te wè kote yo te mete Li.


Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze.


Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon kav e yon wòch te apiye sou Li.


Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus te leve zye Li e te di: “Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M.


Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan.