Mak 15:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li. 1998 Haïtienne Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Apre sa, Jezi pouse yon gwo, epi li mouri. |
Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “ Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”
Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.
Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Li se fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.
Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.