Mak 15:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou. 1998 Haïtienne Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l. Yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: — Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l nan twa jou, Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? |
Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm te blese a. Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.
Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a? Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an, doulè ki te pase vin nan men m nan, avèk sila SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.
Tout moun ki pase akote chemen an bat men yo pou moke ou. Yo sifle anlè kon koulèv sou fi Jérusalem nan, epi yo di: “Men èske se vil sa a yo te konn rele ‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”
Yo te di: “Nonm sa a te di: ‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”
“Nou te tande Li di: ‘Mwen va detwi tanp sa ki fèt avèk men, e nan twa jou, mwen va bati yon lòt ki fèt san men.’”