Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 14:68 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men Li te demanti sa, e te di: “Mwen pa menm konnen, ni konprann, kisa w ap pale a.” Epi li ale sou galeri deyò a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Pyè reponn: — Mwen pa konnen. Mwen pa konprann sa ou vle di la a. Epi Pyè sòti pou l'al nan pyès devan kay la. Menm lè a, yon kòk chante.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Men Pyè te nye sa jenn fi a di a, li di: “M pa ni konnen ni menm konprann sa ou ap di la.” Apre sa, Pyè fè yon vire, l al kanpe nan baryè a, se kon sa yon kòk vin chante.

Gade chapit la



Mak 14:68
8 Referans Kwoze  

Pierre te swiv Li a yon distans, jouk L antre nan lakou wo prèt la. Li te chita avèk ofisye yo e t ap chofe kò li bò kote dife a.


Sèvant kay la te wè li e te kòmanse di ankò a sila ki te la yo: “Sila a se youn nan yo!”


Men ankò, li t ap demanti sa a. E apre kèk tan, sila ki te la yo t ap di ankò a Pierre: “Asireman ou se youn nan yo, paske ou menm osi se yon Galilyen.”


Imedyatman, kòk la te chante pou dezyèm fwa a. E Pierre te sonje jan Jésus te di l la: “Avan kòk la chante de fwa, ou va nye M twa fwa.” Nan sonje sa a, li te kòmanse kriye.