Ou te kontinye gade, jiskaske yon pyè wòch te taye san men moun, e li ta frape estati a sou pye li ki fèt an fè ak ajil la e li te kraze yo an mòso.
Mak 14:58 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Nou te tande Li di: ‘Mwen va detwi tanp sa ki fèt avèk men, e nan twa jou, mwen va bati yon lòt ki fèt san men.’” 1998 Haïtienne — Nou te tande l di: M'a kraze tanp moun te fè a, epi nan twa jou m'a bati yon lòt tanp moun pa ka fè. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil “Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.” |
Ou te kontinye gade, jiskaske yon pyè wòch te taye san men moun, e li ta frape estati a sou pye li ki fèt an fè ak ajil la e li te kraze yo an mòso.
Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vrè e entèpretasyon li fèt ak fidelite.”
Yo te di: “Nonm sa a te di: ‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”
Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou.
Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.
Men lè Kris te parèt tankou wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a.
Paske Kris pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou.