Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 14:56 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Paske anpil t ap bay fo temwayaj kont Li, men temwayaj yo pa t koresponn.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Anpil moun te vin fè manti sou li. Men, pawòl yo pat dakò.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt.

Gade chapit la



Mak 14:56
4 Referans Kwoze  

Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch.


Alò, chèf prèt yo avèk tout konsèy la t ap eseye twouve temwayaj kont Jésus, pou mete L a lanmò. Men yo pa t twouve anyen.


Kèk te kanpe e te bay fo temwayaj kont Li. Yo t ap di:


Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo se an akò kon youn sèl.