Mak 14:49 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Chak jou Mwen te avèk nou nan tanp la ap enstwi, e nou pa t janm sezi M. Men sa fèt pou Ekriti yo kapab akonpli.” 1998 Haïtienne Men, toulejou mwen te la nan mitan nou, mwen t'ap pale nan tanp lan. Lè sa a nou pat janm arete mwen. Men, tou sa pase konsa pou sa ki ekri a ka rive vre. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Chak jou mwen te avèk nou, m t ap anseye nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” |
Men kijan konsa, pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”
Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M.
Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.
Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.
Konsa, yo te rive ankò Jérusalem. E pandan Li t ap mache nan tanp lan, chèf prèt yo avèk skrib yo ak ansyen yo te vin kote L.
Jésus te kòmanse di pandan Li t ap enstwi nan tanp lan: “Kijan sa rive ke skrib yo di ke Kris la se fis a David la?
Jésus te reponn e te di yo: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta kab kont yon vòlè?
Chak jou Li t ap enstwi nan tanp lan, men chèf prèt ak skrib yo avèk direktè yo pami pèp la t ap eseye detwi Li.
Paske Mwen di nou ke sa ki ekri a oblije akonpli nan Mwen. ‘E Li te konte pami malfektè yo.’ Paskesa ki gen referans a Mwen menm nan gen pou ranpli.”
Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.
Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè!
Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”
Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo.