Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”
Mak 14:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè l rive, l ale lapoula bò kote Li, e te di: “Mèt!”, e te bo Li. 1998 Haïtienne Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: — Mèt! Epi li bo li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi. |
Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”
“Yon fis onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’
Yo te vini, e te mande L: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite a, e Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite: Èske li pèmi pou peye taks a César; wi, oubyen non?
Alò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.”