Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 14:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te pran avè L Pierre, Jacques, ak Jean, e Li te kòmanse trè enkyete, e twouble.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l ak yon kè sere ki pran li.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Li pran Pyè, Jak, Jan ak li. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere.

Gade chapit la



Mak 14:33
13 Referans Kwoze  

Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo kanpe nan distans akoz touman m. Fanmi m yo kanpe byen lwen.


Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.


Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.


Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la.


Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques.


Imedyatman, lè tout foul la te wè Li, yo te etone, e yo te kouri vini salye Li.


Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm.


Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.


Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.