Mak 14:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jésus te di l: “Anverite, Mwen di ou, ke, nan menm nwit sa a, ou va nye Mwen twa fwa avan kòk la gen tan chante de fwa.” 1998 Haïtienne Jezi reponn li: — Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Jòdi a menm, pandan lannwit sa a, anvan kòk chante de fwa, w'a gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Alò Jezi di li: “Anverite, m ap di w sa, aswè a menm, anvan menm kòk chante de fwa, ou ap di ou pa konnen m pandan twa fwa.” |
Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
Jésus te di li: “Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”
“Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten;
Men Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.
Li te reponn: “Mwen di ou, Pierre, ke kòk la p ap gen tan chante jodi a avan ou di twa fwa ke ou pa rekonèt Mwen.”
Jésus te di: “Èske ou va bay vi ou pou Mwen? Anverite, anverite, Mwen di ou, avan kòk la gen tan chante, ou va rejte Mwen twa fwa.”
Fi domestik ki te okipe de pòt la te di Pierre: “Èske Ou pa osi youn nan disip a mesye sila a?” Li te di: “Se pa Mwen.”