Men veye lèzòm, y ap livre nou devan tribinal yo, e y ap bat nou ak fwèt nan sinagòg yo.
Mak 12:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan enstriksyon Li, Li t ap di: “Fè atansyon kont skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo vètman, e ki renmen resevwa salitasyon ak respè nan mache a, 1998 Haïtienne Nan sa li t'ap moutre moun yo, li di yo konsa: — Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa sa yo. Yo renmen pwonmennen avèk wòb long yo, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Nan ansèyman li, Jezi te di: “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. |
Men veye lèzòm, y ap livre nou devan tribinal yo, e y ap bat nou ak fwèt nan sinagòg yo.
“Lè nou ap fè lapriyè, pa fè l tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe pou fè lapriyè nan sinagòg yo ak nan kwen lari pou moun kapab wè yo. Anverite, Mwen di nou, yo gen tan twouve tout rekonpans yo.
Malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou renmen chèz a chèf nan sinagòg yo, ak salitasyon respè nan mache yo.
Mwen te ekri yon bagay a legliz la, men Diotrèphe ki renmen premye pami tout, pa aksepte sa nou te pale.