Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 12:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Mèt, Moïse te ekri pou nou ke ‘Si frè a yon nonm mouri, e kite dèyè l madanm li, san li pa gen pitit, ke frè l la dwe pran madanm nan pou fè yon eritye pou frè li a.’

Gade chapit la

1998 Haïtienne

— Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Yon nonm ki gen frè, si l mouri kite madanm li san pitit, frè a gen pou l marye avèk madanm defen an pou li sa fè pitit pou frè l ki mouri a.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

“Mèt, Moyiz ekri si yon frè mouri san li pa fè pitit ak madanm li, se pou lòt frè a marye ak madanm defen an, pou li fè pitit avè l pou defen an.

Gade chapit la



Mak 12:19
6 Referans Kwoze  

Konsa, Juda te di a Onan: “Antre an relasyon ak madanm a frè ou a; fè devwa ou kòm bòfrè li, e fè leve yon posterite pou frè ou.”


Te gen sèt frè; epi premye a te pran yon madanm, e li te mouri san fè eritye.


Konsa, nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske toule sèt moun yo te genyen li kòm madanm.”


Epi Boaz te di: “Nan jou ke ou achte chan an nan men Naomi a, fòk osi ou pran Ruth, Moabit la, vèv a mò a, pou ou kapab fè leve non a sila ki mouri an sou eritaj pa li.”