Rit 4:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 Epi Boaz te di: “Nan jou ke ou achte chan an nan men Naomi a, fòk osi ou pran Ruth, Moabit la, vèv a mò a, pou ou kapab fè leve non a sila ki mouri an sou eritaj pa li.” Gade chapit la1998 Haïtienne5 Lè sa a Bòz reponn li: — Bon! Mwen byen kontan. Men si ou achte jaden an nan men Nawomi, ou dwe pran Rit tou pou madanm ou, dam peyi Mowab la, vèv pitit Elimelèk la. Konsa non defen an p'ap pèdi epi tè a va rete nan fanmi an. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil5 Lè sa a, Bowaz di l: “Si ou achte pòsyon tè a nan men Nawomi, ou ap oblije marye ak Rit tou, dam peyi Mowab la, defen an te mouri kite a. Konsa pitit gason ki pral fèt ak Rit la ka vin eritye papa l epi tè a ap toujou rete nan fanmi defen an.” Gade chapit la |