Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 10:50 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te jete akote gwo vètman li, te vòltije kanpe byen vit, e te rive kote Jésus.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l te vin bò kote Jezi.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Avèg la kanpe rapid, li kite vye rad li yo epi li tounen ale kote Jezi te ye a.

Gade chapit la



Mak 10:50
5 Referans Kwoze  

Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.


Konsa, Jésus te rete la, e te di: “Rele Li.” Yo te rele avèg la. Yo te di l: “Pran kouraj! Leve kanpe! L ap rele ou!”


Jésus te reponn li, e te di l: “Kisa ou vle M fè pou ou?” Mesye avèg la te di L: “Rabouni (ki vle di Mèt), mwen vle wè ankò!”


Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an,