Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 10:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Li di yo konsa: — Si yon nonm kite ak madanm li pou l'al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Li di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, epi ki marye ak yon lòt fi, li komèt adiltè kont madanm li.

Gade chapit la



Mak 10:11
9 Referans Kwoze  

Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”


Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò.


“Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.


Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.


Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan.


Konsa, lè l kite kay li, li gen dwa pou ale devni madanm a yon lòt mesye.


Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.