Mak 1:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo. 1998 Haïtienne Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l, li fè l leve. Latou, lafyèb la kite l, epi madanm lan resevwa yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi pwoche bò kote madanm lan, Jezi te touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve epi li te sèvi moun yo manje. |
Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L.
Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman an yo te pale avèk Li konsènan li.
Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo.
Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.
Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”
Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.