Alò, nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di:
Mak 1:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’” 1998 Haïtienne Se vwa k'ap pale k'ap di nan dezè a: Se pou nou pare chemen Senyè a. Se pou nou trase tout ti wout yo byen plat. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil “Gen yon moun nan dezè a k ap pale byen fò: Prepare chemen pou Senyè a; fè wout yo byen dwat devan l.” |
Alò, nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di:
Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: “Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan, Prepare chemen Bondye a! Fè chemen Li yo dwat”!
nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.
Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’”