Lè Li kite Nazareth, Li te vin rete Capernanüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali.
Mak 1:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te ale Capernaüm. Imedyatman nan Saba a, Li te antre nan sinagòg la pou l te kòmanse enstwi. 1998 Haïtienne Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la. Li konmanse moutre moun yo anpil bagay. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou repo a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo. |
Lè Li kite Nazareth, Li te vin rete Capernanüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali.
Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
Lapoula Li te rele yo, e yo te kite Zébédée, papa yo, nan kannòt la avèk sèvitè jounalye yo, e te sòti pou swiv Li.
Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.
Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.
Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.
Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?”
“Epi nou menm, Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo.
Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li.
Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’”
Selon abitid Paul, li te ale kote yo. Pandan twa Saba li te rezone avèk yo sou Ekriti Sen yo.